“Tansyon kontinye ap moute, e pa gen okenn siy ke li pwal desann,” se pawòl Miroslav Jenca, ki se asistan sekretè-Jeneral l-ONU pou Ewòp, Azi Santral ak Amerik yo, nan deklarasyon devan Konsèy Sekirite l-ONU an.
Li moutre ke Kore di Nò « deklare entansyon li klè » pou li kontinye rapouswiv pwogram zam nikleyè ak balistik, ki se yon vyolasyon plizyè rezolisyon Konsèy Sekirite a.
Men pandan Pyongyang kontinye ap meprize ekzijans kominote entènasyonal la ki mande li abandone pwogram misil nikleyè ak balistik yo ki ilegal e fè sa yon fason ke l-ONU ka verifye, konsèy la ki gen 15 manm rete divize sou ki sa pou yo fè sou kesyon an.