Accessibility links

Breaking News

Kore di Nò di anviwon 1.4 milyon moun Anwole pou Goumen Kont Etazini


Missiles are displayed during a military parade to mark the 75th founding anniversary of North Korea's army, at Kim Il Sung Square in Pyongyang, North Korea Feb. 8, 2023. (North Korea's Korean Central News Agency via Reuters)
Missiles are displayed during a military parade to mark the 75th founding anniversary of North Korea's army, at Kim Il Sung Square in Pyongyang, North Korea Feb. 8, 2023. (North Korea's Korean Central News Agency via Reuters)

Dapre sa medya leta Kore di Nò a rapòte lendi 20 mas la Kore di Nò fè konnen apreprè 1.4 milyon sitwayen ofri tèt yo kòm volontè pou yo rantre nan fòs militè nasyon an pou goumen kont Etazini.

Televizyon Leta Nò a pase yon videyo ki moutre jèn nan tout peyi a ki ale anwole oswa re-enskri nan fòs lame a pou kontrekare sa yo rele "enperyalis Ameriken yo". Media a rapòte 1.4 milyon moun eksprime dezi pou yo rantre nan lame apati 19 mas.

Yon lòt kote, Medya Kore di Nò rapòte lendi 20 mas ke lidè peyi a, Kim Jong Un, te sipèvize egzèsis kote lame a fè tankou li ap reponn ak zam nikleyè yon atak Etazini ak Kore di Sid nan moman kote 2 peyi yo ap fè egzèsis militè ansanm.

Kore di Nò reyaji ak kolè kont egzèsis sa yo ke li konsidere kòm yon repetisyon pou envazyon lakay li.

Nan egzèsis pa li yo, Nò a yo lanse nan lanmè yon misil ki pa tire lwen, men ki soti nan yon silo anba tè, sa ki, dapre kèk analis, ap ede amelyore vitès ak stabilite nan tès misil balistik entè-kontinantal ke lame a pwal fè nan lavni.

XS
SM
MD
LG