Accessibility links

Breaking News

Prezidan Chinwa Xi Jinping Rive Moskou


Russia's Putin holds talks with China's Xi in Moscow
Russia's Putin holds talks with China's Xi in Moscow

Prezidan chinwa Xi Jinpig rive Moskou jodi lendi a pou yon vizit deta ki ap dire 2 jou, pou rankontre ak lidè ris Vladimir Putin, kote lagè LaRisi nan Ikrèn nan ak pwopozisyon lapè LaChin-nan ap nan pwogram diskisyon yo.

Mwa pase a, LaChin te pale de yon plan an 12 pwen pou mete fen nan lagè a ki te tanmen 24 Fevriye 2022.

Jodi lendi a, Xi ekri nan Rossiiskaya Gazeta, yon jounal kotidyen ke gouvènman ris la pibliye, kote li di pwopozisyon chinwa a reprezante « tout tèt ansanm ki posib nan pozisyon kominote mondyal la, » dapre yon tradiksyon angle ke Misyon LaChin nan Nasyon Zini an pibliye.

Nan « Kotidyen Pèp » la, jounal Komite Santral Pati Kominis Chinwa a, Putin di jodi lendi a, « Nou gen rekonesans pou liy balanse LaChin nan konsènan sa k ap pase nan Ikrèn, pou jan li konprann tout istwa ki dèyè gè a ak koz li, » dapre ajans nouvèl Associated Press.

Vizit Xi nan Moskou a se dènye siy ki moutre anbisyon diplomatik lidè chinwa a, apre li te fin anonse, semèn pase a, yon plan ke Peken te jwenn ki te pèmèt Iran ak Arabi Saoudit retabli relasyon diplomatik apre 7 lane hing-hang.

XS
SM
MD
LG