Accessibility links

Breaking News

Putin Fè yon Vizit Sipriz nan Mariupol


Prezidan Ris Vladimir Putin pale ak sitwayen yo pandan yon vizit nan Mariupol, ke Larisi kontwole nan rejyon Donetsk peyi Ikren, 19 Mas 2023.
Prezidan Ris Vladimir Putin pale ak sitwayen yo pandan yon vizit nan Mariupol, ke Larisi kontwole nan rejyon Donetsk peyi Ikren, 19 Mas 2023.

Kremlen an fè konnen Prezidan Ris la, Vladimir Putin vizite vil pòtyè Mariupol ke Larisi kontwole, nan sa ki premye vwayaj li nan teritwa Ikrenyen Moskou te anekse ilegalman nan mwad Septanm nan.

Mariupol te tounen yon senbòl global rezistans Ikrenyen an apre fòs li yo ki pat anpil te kenbe fèm nan yon izin asye pandan prèske 3 mwa jiskaske Moskou te fini pa pran kontwòl li nan mwad Me a.

Putin vwayaje nan Mariupol Samdi apre li te vizite Krime ki sitye tou pre a, pou make 9èm anivèsè aneksasyon zòn nan ki sitye sou Lanmè Nwa a.

Vizit la se yon fason pou Putin defye Kou Penal Entènasyonal la, ki lanse yon manda darè kont li Vandredi pou krim lagè yo di li komèt nan lagè Ikrèn nan.

XS
SM
MD
LG