Accessibility links

Breaking News

Anthony Blinken Doute Ke LaRisi ak LaChin Ap Pale ak Senserite pou Reyalize Lapè nan Ikrèn

U.S. Secretary of State Antony Blinken, right, participates in a World AIDS Day event Washington, Dec. 2, 2022. The same day, he released a statement saying the U.S. had designated China, Iran and Russia, among others, as countries of particular concern u

Sekretè Deta Etazini Anthony Blinken di Jodi mèkredi-a li doute ke LaRisi ak LaChin ap pale ak senserite pou reyalize lapè nan Ikrèn, e li eksplike ke okenn nan yo pa fè bon jan pa pou apiye deklarasyon kote yo moutre sipò pou yon efò lapè.

Blinken t-ap pale ak jounalis nan yon vizit nan Uzbekistan kote li di ke si LaRisi te vrèman pare pou angaje-l nan yon bon jan diplomasi pou mete fen nan agresyon-an, lè sa Etazini ta prese angaje-l nan efò sa-a. Men li di aksyon LaRisi, antwòt ekzijans Prezidan Vladimir Putin pou Ikrèn rekonèt kontwòl LaRisi sou kèk pati nan teritwa Ikrèn, moutre ke LaRisi pa enterese nan chimen sa-a.

Blinken di yon pwopozisyon lapè ke LaChin pwopoze gen kèk eleman pozitif ladann, antwòt kèk ki nan plan lapè Prezidan Ikrèn Volodymyr Zelenskyy-a menm.

Blinken di si LaChin te serye sou apèl-li pou souverènte tout nasyon, li ta fè ane ki pase-a ap sipòte souverènte total Ikrèn fas ak LaRisi.

XS
SM
MD
LG