Accessibility links

Breaking News

Ikrèn Dekri Sityasyon nan Alantou Bakhmut Kòmkwa li Gen “Tansyon Ekstrèm”


Smoke rises from a building damaged by a Russian military strike, amid their attack on Ukraine, in the front line city of Bakhmut, in Donetsk region, Ukraine, Feb. 27, 2023.
Smoke rises from a building damaged by a Russian military strike, amid their attack on Ukraine, in the front line city of Bakhmut, in Donetsk region, Ukraine, Feb. 27, 2023.

Yon dirijan militè nan Ikrèn dekri sityasyon nan alantou vil Bakhmut kòmkwa li gen “tansyon ekstrèm” madi, kote li moutre yon zòn ki anba gwo bonbadman ke fòs Ikrèn ak ris ap fè nan Donetsk.

Malgre li sibi anpil pèt, lènmi an depeche inite Wagner ki resevwa pi bon antrènman yo pou pèse defans twoup nou yo e sènen vil la, » se pawòl kòmandan fòs atè yo nan Ikrèn, Oleksandr Syrskyi sou mesya sosyal.

Lendi, nan ti koze li fè chak swa a, Prezidan Ikrèn Volodymyr Zelenskyy di sityasyon an nan Bakhmut “ap vin pi konplike deplizanpli.”

Li fòs ris yo ap “detwi san rete tou sa ki ka sèvi pou pwoteksyon nou.”
LaRisi ogmante atak sou plizyè zòn nan lès Ikrèn, pami yo Bakhmut. Vil la ki fin kraze nèt te gen anviwon 75-mil moun ki t ap viv ladann. Ajans nouvèl Reuters rapòte ke fòs ris yo fè kèk avans nan nò ak sid pandan y ap chache ansèkle vil la e fèmen fòs Ikrèn yo andan l.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG