Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: 300 Moun Mouri nan yon Atak Ayeryen Ris sou Mariupol


Yon imaj satelit kapte montre bilding kap boule nan Mariupol, Ikren, 22 Mas 2022.
Yon imaj satelit kapte montre bilding kap boule nan Mariupol, Ikren, 22 Mas 2022.

Gouvènman Ikrenyen an fè konnen gen 300 sitwayen ki mouri nan Mariupol pandan yon atak ayeryen La Risi lanse 16 Mas la kont yon teyat ke yo tap sèvi kom abri kont bonm.

Gouvènman minisipal vil la pibliye yon mesaj Vandredi sou Telegram ki site temwen ki di gen "apepre 300" viktim. Li poko klè si sekouris yo vinn fouye sit la ni kijan temwen yo te tire konklizyon sou konbyen moun ki viktim.

Teyat atak Ris la te vize a te gen yon gwo pannkat ki make "TIMOUN" sou li nan lang Ris la ke yo te ekri ekspre ak gwo lèt pou ke avyon Ris yo te ka wè'l.

Yon ti tan apre atak la, Ludmyla Denisova, komisè dwa moun Palman Ikrenyen an di te gen plis pase 1,300 moun ki te pran abri nan bilding sa a.

XS
SM
MD
LG