Accessibility links

Breaking News

Etazini Diminye Prezans li nan Anbasad Ikrèn ni an


Manm Fos Defans Teritoryal Ikran ak inite milite volonte Fos Zame yo antrene nan yon pak nan Kyev, Ikren, 22 Janvye 2022.
Manm Fos Defans Teritoryal Ikran ak inite milite volonte Fos Zame yo antrene nan yon pak nan Kyev, Ikren, 22 Janvye 2022.

Depatman Deta pase lòd bay fanmi tout anplwaye Anbasad Amerikèn nan Kyèv pou yo pati kite peyi a. Tout anplwaye ki pa esansyèl yo dwe pati.

Mezi sa a vini nan moman gen gwo kè sote pou La Risi pa eseye anvyi Ikrèn malgre chita tande ki fèt ant responsab Ameriken ak Ris yo.

Depatman d'Eta souliyen ke Anbasad Kyèv la ap rete ouvè e ke depa fanmi yo ak anplwaye ki pa esansyèl yo pa reprezante yon evakyasyon.

Pandansetan, responsab yo lanse avètisman bay tout Ameriken pou yo pa vwayaje nan Ikrèn ni La Risi akoz tansyon ki egziste ant 2 peyi sa yo. Otorite yo di gen anpil chans pou sitwayen Ameriken fè fas ak kraponnaj ak arsèlman.

XS
SM
MD
LG