Accessibility links

Breaking News

Anthony Blinken Rankontre Minis Afè Etranjè La Risi Pandan 90 Minit


RUSSIA-USA/SECURITY
RUSSIA-USA/SECURITY

Sekretè d'Eta Etazini Anthony Blinken fini ak yon rankont 90 minit li te gen ak Minis Afè Etranjè La Risi Sergey Lavrov nan Jenèv an Swis, sa ki fè 4èm fwa otorite ameriken ak rus angaje yo nan chita-tande dirèk.

Nan deklarasyon anvan yo te tanmen chita-koze yo jodi a chak pati te di li pa t espere okenn nouvo rezilta.

Lavrov di li te espere Etazini ap pote repons klè pou kè-sote La Risi yo. Blinken fè konnen Etazini gen detèminasyon pou chimen diplomasi ak dyalòg, men ke li detèmine tou pou yon repons ini, rapid e sevè si LaRisi komèt agresyon kont Ikrèn.

Loksidan ekzije pou LaRisi wete twoup militè li ak zam li sou fwontyè ak Ukrèn, pandan Moskou ap pouse pou l-OTAN redwi operasyon l nan lès ak sant Ewòp e li ensiste pou alyans militè loksidan an rejte kandidati Ikrèn ki vle vin manm.

XS
SM
MD
LG