Accessibility links

Breaking News

Lafrans pa Dakò ak Plan Etazini Kont La Risi


France Macron
France Macron

Apèl Prezidan franse Emmanuel Macron ki mande pou Inyon Ewòp la pouswiv pwòp chita-koze-li ak Kremlen an soulve krent kòmkwa ka gen yon divizyon nan repons loksidan devan menas yon envazyon La Risi nan Ukrèn.

Sa gen kèk tan, Macron te lite pou konvenk patnè Inyon Ewòp yo kòmkwa yo bezwen pran sekirite rejyon-an sou kont yo e redui nan depandans yo vizavi Etazini. Sepandan diskou li a devan palmantè yo nan Inyon an mèkredi a, kote li mande pou blòk la negosye ak Kremlen an pwòp akò pa li pou sekirite ak stabilite, resevwa yon bon akèy nan medya ke La Risi kontwole.

Men kèk lidè nan Ewòp Santral ak nan peyi Balt yo deklare kòmantè Macron yo pa lejitim e ke yo riske ankouraje Kremlen an chache jwe Etazini kont Inyon Ewòp la, e lakoz yon divizyon pandan Etazini ap mande inite nan loksidan.

Carl Bildt, ansyen premye-minis peyi Swèd, deklare li pa t ka konpran sa Macron vle di lè l pale de vini ak yon nouvo lòd sekirite ak stabilite.

XS
SM
MD
LG