Accessibility links

Breaking News

Peyi Manm L'OTAN yo Mande Pou Bay Ikrèn Plis Zam


Ukrainian armed forces
Ukrainian armed forces

Almay anba gwo presyon kap ogmante bò kote alye ann Ewop yo pou li abandone pozisyon l kote li refize depi lontan founi Ikrèn zam pou ede peyi a defann tèt li kont yon atak Larisi.

Lendi ki sòt pase a, Gran’Bretay te voye bay Ikrèn kek misil anti-tank a kout pòte, kote li te evite travèse espas ayeryen Almay. Minis defans britanik la Ben Wallace te eksplike palmantè yo ke plis asistans militè ak lòt asistans sekirite ka vini toujou devan konpotman menasan Larisi sou fwontyè Ikrèn nan kote Kremlen rasanble plis pase 100,000 solda.

Wallace di gen yon koz lejitim e reyel pou gen kè sote ke Larisi ap planifye yon evazyon. Otorite ris yo demanti gen yon plan konsa, men sekretè deta Antony Blinken bay avètisman mekredi semèn sa a anvan chita-tande li avek prezidan Ikrèn nan Volodymyr Zelensky ke se premye fwa li santi yon menas konsa pou Ikrèn.

XS
SM
MD
LG