Ozetazini, ansyen avoka pèsonèl Prezidan Donald Trump, Michael Cohen --ki te sèvi nan kapasite sa a pandan lontan-- ap retounen mèkredi 6 mas 2019 la nan Kongrè a pou l fè plis depozisyon devan Komisyon Sèvis Sekrè Chanm Depite a. Se sèlman youn nan plizyè komisyon nan Chanm nan --ki anba kontwol Demokrat yo- ki lanse kèk ankèt tou nèf senèn sa a sou administrasyon Trump la.
Semèn paae a Mèt Cohen te konparèt 3 fwa, ak tout pòt fèmen, devan Komisyon Sèvis Sekrè tou lè 2 chanm yo; e, nan depozisyon li te fè piblikman devan Komisyon Chanm Depite a ki responsab Sipèvizyon Aksyon Federal la, li te deklare Prezidan Trump se yon magouyè ki te pase li lòd pou l kase fèy e kouvri kèk afè entim li te genyen avek 2 dam; an menm tan tou, daprè Michael Cohen, prezidan an se yon òmdafè ki te bay manti sou biznis li t ap fè nan Larisi.
Nan jounen madi 5 mas la prezidan 3 komisyon Chanm dè Reprezantan an (Sèvis Sekrè, Afè Etranjè avèk Sipèvisyon Aksyon Federal) siyen ansanm yon demand yo voye bay La Mezon Blanch pou mande l mete a la dispozisyon yo dokiman ak anrejistreman ki konsènen kominikasyon Misye Trump te genyen avèk prezidan Larisi a, Vladimir Putin, akoz preokipasyon yo genyen lè yo tande pawòl k ap di kòmkwa prezidan ameriken an te fè yon jan pou l kache detay konsènan kominikasyon sa yo