Accessibility links

Breaking News

Komisyon Jistis Chanm Depite Ameriken an Ouvè yon Ankèt Elaji sou Prezidan Trump


Prezidan Donald Trump. (Foto AP/Win McNamee).
Prezidan Donald Trump. (Foto AP/Win McNamee).

Ozetazini lidè demokrat yo nan Chanm Depite a lanse, nan jounen lendi 4 mas la, yon ankèt lajman laj sou kanpay prezidansyèl Donald Trump te mennen an 2016 la, sou aktivite li kòm biznisman, sou tranzisyon pouvwa li epi sou kesyon pou konnen èske prezidan an te chache kanpe an kwa devan travay lajistis pou l te bloke ankèt ki t ap fèt sou li.

Komisyon zafè jistis nan Chanm Bas la voye lèt bay 81 moun ak enstitisyon ki lye avek Misye Trump -lèt kote manm komisyon an egzije pou moun ak enstitisyon sa yo soumèt dokiman ki konsène yon long lis evennman ki gen rapò avèk 45èm prezidan ameriken an e yo gen 2 semèn pou soumèt dokiman sa yo.

Non sèlman komisyon an ap santre atansyon li sou sipozisyon kòmkwa Prezidan Trump ta komèt blokaj lajistis, manm yo fè konnen y ap founi je gade tou pou yo wè si Misye Trump pa t mele nan koripsyon piblik ak abi pouvwa pandan 2 zan li deja pase nan La Mezon Blanch.

Depite Jerrold Nadler (D- N.Y.), prezidan Komisyon Jistis nan Chanm Bas la, ki nan tèt ankèt sou Prezidan Trump la.
Depite Jerrold Nadler (D- N.Y.), prezidan Komisyon Jistis nan Chanm Bas la, ki nan tèt ankèt sou Prezidan Trump la.

Prezidan komisyon an, depite demokrat Jerrold Nadler, deklare:

“Pandan 2 zou 3 ane ki pase yo, Prezidan Trump te fè yon jan, yon mannyè pou l pa t rann kont pou atak li lanse prèske chak jou sou règleman ak prensip legal, etik ak konstitisyonèl nou yo.”

Depite Nadler pale konsa lendi a pandan li t ap anonse lansman ankèt la.

XS
SM
MD
LG