Accessibility links

Breaking News

Biden Rankontre Prezidan Polonè a nan Vasovi


Prezidan Joe Biden rankontre refije Ikrenyen yo ak travaye imanite pandan yon vizit nan stad PGE Narodowy la nan Vasovi, 26 Mas, 2022.
Prezidan Joe Biden rankontre refije Ikrenyen yo ak travaye imanite pandan yon vizit nan stad PGE Narodowy la nan Vasovi, 26 Mas, 2022.

VASOVI - Prezidan Joe Biden rankontre Samdi Prezidan Polonè a Andrzej Duda ak lot responsab Polonè yo pou diskite sou envazyon La Risi fè nan Ikrèn nan. Rankont sa yo ap dewoule nan moman sanble La Risi fè chanjman nan ofansiv li pou ekate'l ak kapital la Kyèv e pran direksyon ès la pito.

Poloy, ki seyon manm LOTAN, aksepte lakay li plis pase 2 milyon refije Ikrenyen. Biden sipoze akonpaye Majistra Vasovi a Rafal Trzaskowski pou rakontre kèk refije Samdi epi diskite sou asistans imanitè.

Pi ta Samdi, Biden pral pwononse yon diskou nan Chato Wayal Vasovi a sou "kisak an je kounyea" dapre sa konseye Lamezonblanch sou sekirite nasyonal Jake Sullivan di jounalis yo.


Vandredi, Biden te rive Poloy kote'l te bat bravo pou fason peyi a reponn kriz refije yo epi rankontre ak travayè imanitè Polonè yo ak twoup Ameriken ki estasyone tou pre frontyè Ikrèn.

"Ou nan mitan yon batay and peyi demokratik yo ak oligak yo," Biden deklare pandan yon rankont ak manm Aviyasyon 82e Airborne Ameriken an nan baz Rzeszow. Twoup sa yo apiye dè milye lot twoup LOTAN nan peyi Ewop de lès yo pami yo Poloy, Lityani, Letoni, Estoni, Bilgari ak Woumani.

Vizit Biden ak twoup militè yo nan Poloy Vandredi dewoule nan yon espèz de salon kote yo koupe cheve militè nan katye jeneral pwovizwa divizyon an. Apre sa li tal nan yon sal a manje pou twoup yo kote li te chita avè yo epi manje pizza.

XS
SM
MD
LG