Accessibility links

Breaking News

Etazini, Komisyon Ewòp Di yo Pran Angajman pou Dewoute Putin Pandan Biden ap Vizite Polòy


Prezidan Joe Biden ak Prezidan Polone a Andrzej Duda patisipe nan yon tab wond sou repons imanite a apre envazyon La Risi nan Ikren, Vandredi 25 Mas, 2022.
Prezidan Joe Biden ak Prezidan Polone a Andrzej Duda patisipe nan yon tab wond sou repons imanite a apre envazyon La Risi nan Ikren, Vandredi 25 Mas, 2022.

Prezidan ameriken an, Joe Biden, ap vizite Polòy vandredi pou l sipòte repons peyi alye yo bay devan kriz imanitè ak dwamoun envazyon Larisi a pwovoke nan Peyi Ikrèn, nan moman alye yo ap pran plis dispozisyon pou yo fòse Prezidan ris la, Vladimir Putin, chanje lide. Youn nan peyi sa yo, Lapolòy, aksepte resevwa lakay li plizyè milyon refijye ikrenyen. èò

Biden rankontre ak twoup militè ameriken ki estasyone nan Jasionka, tou prè fwontyè Lapolòy ak Ikrèn, pandan li t ap tann arive Prezidan polonè a, Andrzej Duda, ki te an reta akoz machin li te gen yon pwoblèm teknik, sa ki te oblije l retounen nan kapital la, Vasovi.

Lidè ameriken an rive nan Polòy kèk èdtan aprè li te rankontre, vandredi nan Briksèl, Prezidan Komisyon Ewopeyen an, Ursula von der Leyen. Apre rankont sa a, yo anonse fòmasyon yon komisyon espesyal pou travay sou rediksyon depandans Lewòp de gaz Larisi.

Biden di ke Prezidan ris la, Vladimir Putin, sèvi ak pwofi li tire nan vant gaz li a pou l fè machin lagè li a nan Ikrèn fonksyone. Li ajoute li vle pale klè pou l di “pèp ameriken an pa p patisipe nan finansman lagè brital, enjistifye Putin kont pèp ikrenyen an. “

XS
SM
MD
LG