Accessibility links

Breaking News

Otorite Oksidantal: 'Taktik Ikrèn yo Bloke Pwogrè Envazyon Larisi a'


Yon solda Ikrenyen enspekte yon kamyon Ris APC ki kraze net nan yon batay nan Kharkiv, Ikren, Jedi 24 Mas, 2022.
Yon solda Ikrenyen enspekte yon kamyon Ris APC ki kraze net nan yon batay nan Kharkiv, Ikren, Jedi 24 Mas, 2022.

VASOVI, POLÒY — Otorite defans peyi oksidantal yo fè konnen Ikrèn ap itilize taktik atak rapid pou l dewoute envazyon Larisi a; se taktik sa a ki pèmèt li repouse lennmi nan katye nodwès ak lès Kyèv.

Taktik kote ikrenyen yo atake Ris yo epi tann anbiskad pou yo ak gwoup sòlda ki deplase rapidman, souvan lèswa, tounen youn nan taktik konba atè ki pi efikas e sa lokoz Larisi anrejistre plis pèt ke yo poko ka rive ranvèse. Se opinyon kèk estratej ki ajoute ke taktik sa yo demoralize twoup militè ris yo.

Kolonèl John Barranco, yon espesyalis nan Konsèy Atlantik la ki baze nen New York, fè konnen:

“Y ap fè yon trè bon travay. Ikrenyen yo mete sou pye yon lame trè konpetan ak yon bon jan lidèchip nan ba nivo a e yo trè motive. Konsa, lè m konsidere tip sòlda lame ris la deplwaye pou envazyon an, m di sa pa sanble yon inisyativ yo te byen kalkile.”

Kolonèl Barranco, ki te sipèvize operasyon inisyal mèrin ameriken yo nan Afganistan apre atak 11 septanm 2001 yo e ki te fè 2 misyon nan Irak, di Ris yo twoupe yo sou fos kouraj, rezistans ak kapasite sòlda ikrenyen k ap goumen atè yo e sou fèm volonte Ikrenyen yo pou yo defann peyi yo.

XS
SM
MD
LG