Accessibility links

Breaking News

Biden Vizite Twoup Ameriken yo nan Polòy, Refije Ikrenyen yo


Prezidan Joe Biden vizite manm Aviyasyon Etazini an nan Jasionka, Poloy, 25 Mas 2022.
Prezidan Joe Biden vizite manm Aviyasyon Etazini an nan Jasionka, Poloy, 25 Mas 2022.

Prezidan Joe Biden rapouswiv yon jounen diplomasi ak yon vizit nan La Polòy kote li diskite sou asistans pou refije yo epi rankontre twoup Ameriken ki estasyone tou pre frontyè Ikrèn nan.

Premye vizit li sete ak militè Ameriken yo, kote li te manje pizza ave yo.

Prezidan Joe Biden al vizite manm 82nd Airborne Aviyasyon Ameriken nan Jasionka, Poloy, 25 Mas 2022.
Prezidan Joe Biden al vizite manm 82nd Airborne Aviyasyon Ameriken nan Jasionka, Poloy, 25 Mas 2022.

Lamezonblanch di prezidan an resevwa enfòmasyon sou repons imanite fas ak plizyè milyon Ikrenyen kap vinn lagè kò yo nan Polòy akoz atak La Risi ap mennen lakay yo.

Biden pral fè chita tande ak prezidan Polonè a epi pwononse yon diskou pou pèp Polonè a Samdi, anvan li monte nan avyon pou tounen Washington.

XS
SM
MD
LG