Accessibility links

Breaking News

Biden Make "Jenosid Armenyen an', Sèmante Pou'l Stope 'Atwosite'


Prezidan Joe Biden pandan yon diskou pou Jounen La Te a, Vandredi, 22 Avril, 2022 nan vil Seattle, eta Washington.
Prezidan Joe Biden pandan yon diskou pou Jounen La Te a, Vandredi, 22 Avril, 2022 nan vil Seattle, eta Washington.

Prezidan Joe Biden komemore 107èm anivèsè kòmansman sa li rele "jenosid Armenyen an."

Prezidan an pibliye yon deklrasyon nan lonè 1.5 miyon Amenyen ke li di te "depòte, masakre oubyen mache jous tan yo mouri nan yon kanapy ekstèminasyon," anba men fòs Anpir Ottoman nan.

La Tiki deklare pawol Biden yo "pa koresponn ak fè istorik ak lwa entènasyonal."

Deklarasyon Biden nan pa di anyen sou envazyon La Risi fè nan Ikrèn nan, ke Biden dekri tankou yon jenosid.

Sepandan Biden pwofite anivèsè Dimanch la pou'l tabli prensip politik etranje li nan moman Etazini ak alye li yo ap fouye Ikrenyen yo zam epi enpoze sanksyon kont La Risi.

XS
SM
MD
LG