Accessibility links

Breaking News

Kremlin Dekri Deklarasyon Biden yo Kòm"Inakseptab"


Russian President Vladimir Putin delivers a speech as he visits the Vostochny Cosmodrome in Amur Region, Russia, April 12, 2022. (Sputnik/Evgeny Biyatov/Kremlin via Reuters)
Russian President Vladimir Putin delivers a speech as he visits the Vostochny Cosmodrome in Amur Region, Russia, April 12, 2022. (Sputnik/Evgeny Biyatov/Kremlin via Reuters)

Kremlin an deklare Mèkredi ke deklarasyon Prezidan Ameriken Joe Biden te fè yo "inakseptab", Biden te akize tokay Ris li Vladimir Putin te komèt "jenosid" nan lagè a nan Ikrèn.

Dmitry Peskov ki se pòtpawòl Kremlin te delkare "Nou gen yon dezakò total e nou konsidere ke tantativ pou defòme reyalite yo pa akseptab okenn kote , sitou paske se Prezidan Etazini a ki di l."

Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau te pale tou Mèkredi kote li te itilize menm pawòl ak Biden li te pale de "jenosid" nan peyi Ikrèn.

XS
SM
MD
LG