Accessibility links

Breaking News

Macron: "Se yon Avoka ki Pou Deside si se Jenosid, pa Yon Politisyen"


France Presidential Election
France Presidential Election

Emmanuel Macron jistifye desizyon li pran pou li pa itilize mo jenosid kont Vladimir Putin pou li dekri lagè La Risi nan Ikrèn, li kwè ke itilize mo sa ap kreye yon "eskalasyon vèbal" e sa pa pral "ede Ikrèn" e se yon avoka ki pou deside si se jenosid, pa yon politisyen."

Prezidan franse a di sou radyo France Bleu ke li te pale nan maten ak tokay Ikrenyen li Vladimir Zelensky, ki te dil ke sa fèl mal anpil paske Macron te refize dekri sa ki ap pase nan Ikrèn lan de "jenosid".

"Mo jenosid la gen yon siyifikasyon" e "e se yon avoka ki pou deside si se jenosid, pa yon politisyen", se deklarasyon sa Emmanuel Macron, pandan li te nan kanpay pou eleksyon prezidansyèl yo.

Dapre li, "Eta ki konsidere ke se yon jenosid dwe entèvni dapre sa konvansyon entènasyonal yo . Èske entèvni se sa nou vlevle? Mwen pa panse sa a".

"Tout moun dwe konnen ki jan yo pale paske sa pa pral ede Ikrèn (...) ale nan eskalasyon vèbal pap itil Ikrèn".

"Mwen toujou kenbe menm liy yo : pou ka fè tout sa ki posib pou yo sispann lagè".

Plizyè lidè, ki gen ladan Prezidan Ameriken Joe Biden, akize Vladimir Putin ke li te komèt yon "jenosid" nan Ikrèn, yon pozisyon ke Kyiv akeyi.

Emmanuel Macron, Chanselye Alman an Olaf Scholz ak Sekretè Jeneral Nasyonzini an Antonio Guterres te evite itilize mo "Jenosid la.

XS
SM
MD
LG