Accessibility links

Breaking News

Biden Chante Lwanj Ikrenyen yo pou Kouraj yo Apre yon Vizit ak Refije yo


Prezidan Joe Biden rankontre refije Ikrenyen yo ak travaye imanite pandan yon vizit nan stad PGE Narodowy Samdi, 26 Mas, 2022 nan Vasovi, Poloy.
Prezidan Joe Biden rankontre refije Ikrenyen yo ak travaye imanite pandan yon vizit nan stad PGE Narodowy Samdi, 26 Mas, 2022 nan Vasovi, Poloy.

Prezidan Joe Biden chante lwanj kouraj ak detèminasyon refije Ikrenyen yo fas ak envazyon brital La Risi fè nan peyi yo. Prezidan an te kwoke kèk pami manman ak timoun yo pandan yon vizit li fè ak yo Samdi.

Pandan li nan Poly, Biden pwomèt tou pou pouvwa Oksidantal yo kontinye apiye yo. Prezidan Ameriken an t'al vizite yon stad foutbòl nan kapital la, Vasovi kote refije yo rasanble. Li te koute ak anpil atansyon pandan timoun yo te dekri vwayaj danjre yo te fè pou kouri kite Ikrèn ak paran yo. Prezidan an te kenbe men tou ak paran yo epi li te kwoke yo.

Anvan li retounen Washington, Biden pral pwononse yon diskou nan Vasovi ki gen pou konsantre sou chimen difisil ki devan yo nan moman Etazini ak alye Oksidantal yo kontinye ap ede Ikrèn epi mete presyon sou La Risi pou'l sispann envazyon li an.

XS
SM
MD
LG