Accessibility links

Breaking News

La Risi Lage yon Ameriken yo te Kenbe nan Ikren


Lafimen monte nan vil Lviv, nan wes Ikren Samdi 26 Mas, 2022. La Risi kontinye ansekle popilasyon nan dives vil nan kad envazyon yo nan Ikren.
Lafimen monte nan vil Lviv, nan wes Ikren Samdi 26 Mas, 2022. La Risi kontinye ansekle popilasyon nan dives vil nan kad envazyon yo nan Ikren.

Fòs Ris yo nan Ikrèn lage yon Ameriken ki se moun Winona nan eta Minnesota ke yo te arete, dapre Senatè Ameriken Amy Klobuchar.

Ris yo te arete Tyler Jacob pi bonè mwa sa a pandan li tap eseye travèse frontyè Ikrèn pou'l al nan La Tiki. Klobuchar di li te kontake Depatman d'Eta ak konseye Lamezonblanch John Sullivan ansanm ak Anbasadè Ameriken nan La Risi e yo te diskite sou kestyon an ak gouvènman Ris la.

Jacob gen 28 an, e li t'al Ikrèn nan mwad Novanm nan kote li tap anseye Angle. Li pran djòb sa a paske li te vle viv ak menaj li genyen depi lontan ki se yon Ikrenyèn, dapre sa jounal Star Tribune rapòte. Koup la te marye nan mwad Janvye a, e yo te viv nan vil Kherson, yon vil pòtyè nan sid la ki bay sou lanmè Nwa a. Jacob te rete nan peyi a menm apre envazyon Ris la mwa pase a, men finalman li te deside kite pey a.

Ansanm ak yon gwoup zanmi ki se moun La Tiki, misye te pran otobis pou'l al sou frontyè La Tiki men otorite Ris yo te stope bis la epi arete misye nan pòs polis nan vil Armiansk.

Kounyea Jacob sen e sof ak madanm ni epi pitit fi li e yo gen entansyon vwayaje nan eta Minnesota ansanm. Fanmi a refize bay okenn lòt detay sou sikonstans arestasyon Jacob la. Senatè Klobucar di yo vle pran "anpil, anpil prekosyon" e ke "yon jou nou va rakonte tout istwa a."

XS
SM
MD
LG