Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Yon Gwoup Petro Challengers Di yo Pral Fè 7 Tou Palè Nasyonal


Manifestasyon pou mande pwosè sou jesyon fon Petro Caribe a. 2 septanm 2018. REUTERS/Jeanty Juni
Manifestasyon pou mande pwosè sou jesyon fon Petro Caribe a. 2 septanm 2018. REUTERS/Jeanty Juni

Yon group ki reklame tèt yo manm Petro Challengers anonse yon aktivite kote yo pral fè 7 tou Palè Nasyonal jedi 13 ak vandredi 14 jen 2019 la. Objektif aktivite sa a se pou egzije demisyon Prezidan Jovenel Moise.

Aktivite sa a dewoule malgre prezidan Moise anonse li pap demisyone poutèt li pa nan koripsyon. Otorite yo fèmen plizyè ri ki bay aksè sou Palè Nasyonal.

Ayiti viv yon kòmansman semèn trè boulvèse ak manifestasyon tribò babò kote plizyè sektè nan opozisyon an ap reklame demisyon Prezidan Jovenel Moïse sou pouvwa a.

Lapolis rapòte 2 moun mouri nan manifestasyon dimanch 9 jen yo atravè peyi a, tandiske pòt pawòl youn nan branch opozisyon an, Mèt Andre Michel fè konnen se 7 moun ki mouri. Nan lendi 10, bandi asasine jounalis Radyo San Fen, RSF, Rospide Petion sou wout lakay li. Individi moun pa rive idantifye mete dife nan plizyè machin Radio Ginen pandan menm jounen an.

XS
SM
MD
LG