Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik: 4 Senatè Opozisyon yo Bloke 3èm Tantativ Ratifikasyon Premye Minis Nome a


Ayiti: 4 senatè opozisyon yo: Senatè Antonio Chéramy, Nenel Cassy, Evalière Beauplan, Ricard Pierre Foto: 30 me 2019.
Ayiti: 4 senatè opozisyon yo: Senatè Antonio Chéramy, Nenel Cassy, Evalière Beauplan, Ricard Pierre Foto: 30 me 2019.

4 senatè opozisyon yo mete syèj sena a tèt anba nan moman gran kò a ap pare pou l tande enonse politik jeneral Premye Minis nonmen an Jean Michel Lapin jedi 30 me 2019 la.

Moun kapab wè chèz ak biwo ki lage pasi pala nan lakou a ak andedan kou deyò nan chanm sena a. Devan sitiyasyon sa a, Prezidan sena a Carl Murat Cantave mande anplwaye ki pa esansyèl yo chita lakay yo jedi 30 me 2019 la.

Prezidan Cantave mande senatè yo pou mete an pratik prensip etik, moral epi respekte règleman yo pou fasilite dewoulman seyans la. Pou kounye a, anyen poko klè pou konnen si wi ou non seyans ratifikasyon premye minis la ap dewoule apre 3 tantativ echwe.

XS
SM
MD
LG