Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Premye Minis Nome Jean Michel Lapin Ap Tann Envitasyon Palman an


Premye minis nome ayisyen an Jean Michel Lapin. Foto :VOA Creole
Premye minis nome ayisyen an Jean Michel Lapin. Foto :VOA Creole

Sena ayisyen an poko deside yon dat pou konvoke Premye Minis nome a Jean Michel Lapin pou vin fè enonse politik jeneral li apre 2 tantativ echwe. Senatè Onodieu Louis ki se prezidan komisyon k ap etidye dosye 4 nouvo minis yo di yo ap renmèt rapò a lendi 27 me 2019 la. Senatè a pat vle di si nouvo minis yo ranpli kondisyon pou fè pati nouvo kabinè ministeryèl la.

Yon lòt kote depite ki pwòch pouvwa a deklare pa gen anyen ki anpeche yo fikse yon dat pou premye minis nome Jena Michel Lapin vin prezante politik jeneral li devan chanm bas la.

Deklarasyon sa a fèt apre yon group depite nan opozisyon an mande modifikasyon nan nouvo kabinè ministeryèl la poutèt prezans ansyen manm gouvènman an Jean Henri Ceant an.

XS
SM
MD
LG