Accessibility links

Breaking News

Ayiti: 4 Senatè Opozyon yo Kalifye De Pwovokasyon Nouvo Lis Kabinè Ministeryèl Ekzekitif la Pibliye a


Prezidan ayisyen Jovenel Moise ak Premye minis nome a Jean Michel Lapin, nan Palè Nasyonal, 21 mas 2019.
Prezidan ayisyen Jovenel Moise ak Premye minis nome a Jean Michel Lapin, nan Palè Nasyonal, 21 mas 2019.

4 Senatè ki poze kondisyon avan Sena a kontinye ak seyans politik jeneral Premye Minis nome an Jean Michel Lapin konsidere kòm yon pwovokasyon desizyon pouvwa egzekitif la pran pou l rekondwi plizyè minis ansyen gouvènman an.

Senatè Nènèl Cassy mete yon mesaj sou rezo sosyal Twitter pou li di arete a enkonstitisyonèl e se yon deklarasyon de gè. Senatè Evalière Beauplan di group la pral bay pouvwa a yon repons apwopriye.

Pami kondisyon senatè sa yo poze pou seyans la kontinye, ansyen manm gouvènman demisyonè a pa dwe fè pati nouvo kabinè ministeryèl la. Sa fè 3èm tantativ Sena a pral fè pou tande politik jeneral Premye Minis nonmen an Jean Michel Lapin.

XS
SM
MD
LG