Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Grèv Jeneral Kont Fenomèn Ensekirite Pati UNIR te Lanse a Pa Pran


Tap Tap mwayen transpòtasyon ki pi kouran ann Ayiti. 2 tap tap kap desann sou oto wout Delmas. Foto: Arthur Jean Pierre/ VOA, 18 fevriye 2019, Delmas, Ayiti.
Tap Tap mwayen transpòtasyon ki pi kouran ann Ayiti. 2 tap tap kap desann sou oto wout Delmas. Foto: Arthur Jean Pierre/ VOA, 18 fevriye 2019, Delmas, Ayiti.

Grèv jeneral dirijan Pati Politik UNIR la, Clarens Renois te lanse pou jounen lendi 29 avril 2019 la pa obsève nan kapital la Pòtoprens. Lidè politik la te lanse mo dòd grèv la pou pwoteste kont klima ensekirite a kap sakaje peyi Dayiti.

UNIR te mande pou tout moun rete lakay yo jou kap lundi 29 avril 2019 la nan kad yon jounen grèv kont zak ensekirite ki pa sispann repete nan mitan popilasyon an. Prezidan UNIR Haiti a lanse apèl sila nan yon odyo li pibliye sou rezo sosyal yo.

Bandi touye nan Kafou Fèy 5 moun pou pipiti e blese plizyè lòt pandan semèn pase a. Otorite jidisyè yo te di y ap pare yon repons kif-kif kont bandi yo. Sekretè deta kominikasyon administrasyon Moise/Lapin an, Eddy Jackson Alexis, te bay yon konferans pou laprès vandredi 26 avril 2019 la kote li renouvle detèminasyon ekip ki sou pouvwa a pou rezoud pwoblèm ensekirite a nan peyi Dayiti.

XS
SM
MD
LG