Accessibility links

Breaking News

Prezidan Sena a Mande Egzekitif la Chita Pale ak Senatè yo pou yo Solisyon nan Kriz la


Prezidan Sena ayisyen an, Carl Murat Cantave pandan li tap pale ak laprès nan Pòtoprens, Ayiti. 14 fevrieye 2019.
Prezidan Sena ayisyen an, Carl Murat Cantave pandan li tap pale ak laprès nan Pòtoprens, Ayiti. 14 fevrieye 2019.

Prezidan Sena a Carl Murat Cantave anonse li mande Prezidan Jovenel Moise pou l òganize yon rankont ak Sena a pou jwenn yon solisyon ak pwoblèm ki anpeche ratifikasyon Premye Minis nonmen a Jean Michel Lapin.

Senatè Latibonit la fè deklarasyon sa a apre li menase pou l fèmen Sena a pou restriktirasyon. Jiska prezan Sena a poko fikse yon dat pou Premye Minis nonmen an vin fè enonse politik jeneral li devan gran kò a apre 2 tantativ echwe.

4 palmantè opozisyon an te kanpe ankwa pou anpeche 2 seyans yo dewoule kote premye minis nome a Jean Michel Lapin ak tout kabinè li te prezan., yon seyans anpil moun temeyen ki te fini an ked pwason.

Pandanstan, dosye Ayiti nan tiwa Fon Monetè Entènasyonal (FMI) kap tann peyi a gen yon premye minis pèmanan ak yon bidjè fiskal 2018-2019 ke palman an ratifye avan pou l debloke yon fon apui bidjetè 229 milyon dola li pwomèt leta ayisyen an plizyè tranch.

XS
SM
MD
LG