Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Prezidan Jovenel Moïse Kondane Asasina Jounalis Radyo RSF la, Rospide Petion


 Mikwo estidyo
Mikwo estidyo

Prezidan Jovenel Moise itilize rezo sosyal Twitter pou l kondane asasina jounalis RSF Rospide Petion. Chèf leta ki pa pran lapawòl an piblik depi operasyon pou dechouke l sou pouvwa a, di se yon krim "crapuleux" pandan li voye kondòleyans li bay fanm viktim nan ak kanmarad travay li nan Radio San Fin.

Chèf leta a, ki an difikilte, kondane zak enkoni fè sou materyèl Radyo Tele Ginen kote yo boule 3 machin pou pipiti. Prezidan an konsidere aksyon manifestan yo kòm yon zak endiy nan yon sosyete kote libète laprès egziste.

Pòt pawòl gouvènman ayisyen an, Sekretè deta a Eddy Jackson Alexis kondane asasinay ki fèt sou jounalis Petion Rospide e mande lapolis asime responsabilite l pou arete koupab yo. Mesye Alexis te pale nan mikwo ak devan kamera Renan Toussaint.

Ayiti: Gouvènman an Kondane Asasinay ki Fèt sou Jounalis Petion Rospide
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:16 0:00

XS
SM
MD
LG