Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Yon Gwoup 20 Depite Mande yon Seyans Miz ann Akizasyon Kont Prezidan Jovenel Moïse


Manifestasyon nan Pòtoprens kont pouvwa Prezidan Jovenel Moïse la. 13 fevriye 2019.
Manifestasyon nan Pòtoprens kont pouvwa Prezidan Jovenel Moïse la. 13 fevriye 2019.

Madi 11 jen 2019 la, depite ak senatè yo pat prezan nan palman an apre yo te deja rate fèmti sesyon ekstraòdinè a epi louvri 2èm sesyon òdinè lendi 10 jen an.

Yon lòt kote, 20 depite ki reklame tèt yo manm opozisyon an ekri prezidan Gary Bodeau pou mande l òganize yon seyans pou kòmanse pwosedi pou yo akize prezidan Jovenel Moise epi pou Sena a jije l pou retire l sou pouvwa a.

Siyatè lèt la menase pou retire Prezidan Bodeau nan tèt chanm nan si l pa fè egzekite demand la yo te deja fè nan mwa fevriye pase a. Dapre konstitisyon an yon majorite 2 tyè nesesè pou akize prezidan an pou krim de wot trayizon ou byen tout lòt krim li ta komèt pandan li sou pouvwa a.

XS
SM
MD
LG