Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Aktivite yo Reprann Timidman Apre yon Jounen Manifestasyon Kont Koripsyon


Lapolis kap eseye kontwole sitiyasyon an pandan yon manifestasyon kont koripsyon ak kont gouvènman Moíse'/ Lapin an nan Pòtoprens. 30 me 2019.
Lapolis kap eseye kontwole sitiyasyon an pandan yon manifestasyon kont koripsyon ak kont gouvènman Moíse'/ Lapin an nan Pòtoprens. 30 me 2019.

Aktivite nan Lari kapital la Pòtoprens kòmanse timidman lendi 10 jen 2019 la yon jou apre manifestasyon opozisyon an te lanse pou mande demisyon prezidan Jovenel Moise. Opozisyon an lanse yon 2èm jou grèv.malgre dega kèk manifestan te komèt nan kapital la ak lòt vil peyi a.

Yon lòt kote, Konferans Episkopal Dayiti a pibliye,yon nòt kote evèk yo denonse kategorikman siitiyasyon danjere kap devlope nan peyi pov ki rele Ayiti a. Monseyè yo ensiste sou nesesite pou responsab yo mete fen nan maladi ki rele KORUPSYON an, yon maladi kap sakaje peyi a depi kèk tan deja, dapre nòt la, e ki jwenn denonsyasyon li nan rapò 600 paj Kou Siperyè dè Kont pibliye 31 me pase a.

San lidè yo nan Konferans Episkopal la pa nonmen non pesonn yo di "Tout sila yo ki enplike nan rapò Kou Superye dè Kont la sou jesyon Fon Lajan Petwo-Caribe a dwe repare enjistis sosyal sa a e pou yo fè sa, se pou yo rann tet yo bay lajistis peyi a, si se pri sa a yo gen pou yo peye pou retabli otorite moral Leta ak lidè li yo."

XS
SM
MD
LG