Accessibility links

Breaking News

Meksik Avèti Menas Etazini pou Monte Tarif sou Pwodui Meksiken Pap Bon pou Tou 2 Peyi yo


Yon karavann migran sou fowntyè Etazini pataje ak Meksik. Foto achiv: 28 novanm 2018. REUTERS/Kim Kyung-Hoon.
Yon karavann migran sou fowntyè Etazini pataje ak Meksik. Foto achiv: 28 novanm 2018. REUTERS/Kim Kyung-Hoon.

Meksik bay avètisman lendi 3 Jen 2019 la pou l di menas Prezidan Donald Trump fè pou l mete nouvo tarif sou ekspòtasyon l ap fè Ozetazini yo, se yon desizyon kap bay ekonomi tou 2 peyi yo pwoblèm e li ka mènm provoke plis imigran santral ameriken vwayaje o Meksik avan yo antre Ozetazini.

Nan kòmansman chita-tande ki dewoule Washington yo, otorite meksiken yo di pi lwen yo ka ale nan demand prezidan Trump fè pou bloke pasaj migran yo pa Meksik pou evite yon 5 pou san tarif prezidan ameriken an vle enpoze semen pwochèn nan.

Otorite yo ekate posiblite pou ta gen yon 3èm peyi san danje nan akò ki mande pou tout moun kap chache azil yo pou yo ta aplike pou refij nan peyi Meksik.

XS
SM
MD
LG