Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Menase pou l Mete Plis Taks sou Pwodui Kap Soti Meksik Poutèt Pwoblèm Imigrasyon


Yon militè meksiken ki kanpe devan yon fanmi imigran yo mete deyò sou plas Tapachula o Mekzik mèkredi 29 me 2019 la.
Yon militè meksiken ki kanpe devan yon fanmi imigran yo mete deyò sou plas Tapachula o Mekzik mèkredi 29 me 2019 la.

Administrasyon amerikèn nan bay peyi Meksik 10 jou pou l estope imigran kap itilize fwontyè peyi a pou antre ilegal Ozetazini sinon l ap enpoze tarif dwanye sou tout pwodwi meksiken yo.

Anons sa a fèt nan yon tweet Prezidan Donald Trump poste sou kont li jedi swa 30 me 2019 la. Prezidan Trump fè konnen: " Nan dat 10 jen kap vini an, Washington pral enpoze yon tarif 5 pou san sou tout pwodwi kap soti nan peyi Meksik pou vin isit Ozetazini jiskaske imigran ilegal kap pase pa Meksik pou yo antre nan peyi a sispann.

Ann atandan pwoblem imigrasyon an rezoud, tarif pral kontinye monte chak mwa e yo ka rive jiska 25 pou san disi premye oktob."

Prezidan meksiken an, Manuel Lopez Obrador reponn avèk yon tweet li mènm tou pou l di: "Pwoblem sosyal pa rezoud avèk taks ni ak kontrent."

XS
SM
MD
LG