Accessibility links

Breaking News

Etazini: Yon Jij Bloke Desizyon Administrasyon Trump la Konsènan Imigran sou Fwontyè yo


Jose Fermin Gonzalez Cruz kap pote pitit gason li, William Josue Gonzales Garcia, 2 zan. Li espere travèse fwontyè a pou antre Ozetazini kote li gen fanmi kap tann li.
Jose Fermin Gonzalez Cruz kap pote pitit gason li, William Josue Gonzales Garcia, 2 zan. Li espere travèse fwontyè a pou antre Ozetazini kote li gen fanmi kap tann li.

Yon jij federal ameriken bloke aplikasyon politik administrasyon Trump la adopte pou l egzije migran kap chache azil Ozetazini swa rete o Meksik, swa retounen nan peyi sa a pandan sèvis imigrasyon ap trete dosye yo.

Jij federal Richard See-Borg, ki t ap prezide yon sesyon sou dosye a nan yon tribinal nan Eta Kalifòni, pran desizyon sa a yon jou apre demisyon minis sekirite enteryè a, Kirsjten Nielsen.

Desizyon jij la pral antre an aplikasyon vandredi 12 avril la, sa ki bay administrasyon Trump la ase tan pou l ale an apèl.

XS
SM
MD
LG