Accessibility links

Breaking News

Etazini: Administrasyon Trump la Pran Desizyon pou Anpeche Moun Kap Mande Azil Jwenn Libète sou Kosyon


Yon polis imigrasyon ameriken kap eskòte yon imigran ki komèt yon krim sou teritwa ameriken an e ki sou depòtasyon. Foto: April 3, 2019.
Yon polis imigrasyon ameriken kap eskòte yon imigran ki komèt yon krim sou teritwa ameriken an e ki sou depòtasyon. Foto: April 3, 2019.

Minis Jistis Etazini an William Barr deside ke moun kap chèche azil Ozetazini, menm si yo ta montre yo gen yon perèz kredib pou yo tounen nan peyi yo, e si yap fè fas ak depòtasyon, yo pa gen dwa pou yo mande yon jij imigrasyon pou libere yo sou kosyon pandan ke poko gen yon desizyon final sou ka yo a.

Se dosye sa Lavwadlamerik debat avèk avoka imigrasyon Larry Fleurantin depi Miami nan eta Florid ki tap reponn kesyon Ronald Cesar ribrik Justice-USA a.

Kèk kesyon nan kesyon Ronald Cesar te Poze Mèt Fleurantin:

Mèt Fleurantin eske ou vle ede oditè VOA yo konpran desizyon Minis Justice William Barr la konsènan moun kap mande azil Ozetazini?

Eske desizyon Minis jistis Etazini an vle di li vinn pi difisil pou moun kap mande azil yo Ozetazini. Paske desizyon an retire dwa moun kap mande azil e ki an detansyon pou yo mande libète sou kosyon. Pwiske moun sa a arête an detansyon, eske sa pap fè l pi difisil pou l fè demach bò kote avoka pou ede l ak ka li a?

Mèt si m konprna byen, desizyon Minis Justice Etazini an pap afekte fanmi kap mande azil ni ti mounn ki pa akonpaye?

Klike sou lyen odyo a pou w tande repons Avoka imigrasyon Larry Fleurantin te bay ak kesyon sa yo.

Etazini-Imigrasyon: Èske yon Imigran Kap Mande Azil Ozetazini Gen Dwa ak Liberasyon sou Kosyon
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:54 0:00

XS
SM
MD
LG