Accessibility links

Breaking News

Etazini: Prezidan Trump Prè pou l Negosye yon Avalwa nan Kòb pou Konstriksyon Miray la


Prezidan ameriken an Donald Trump pandan li tap pale nan Lamezon Blanch jedi 24 janvye 2019 la. Washington. (Foto: AP/Jacquelyn Martin)
Prezidan ameriken an Donald Trump pandan li tap pale nan Lamezon Blanch jedi 24 janvye 2019 la. Washington. (Foto: AP/Jacquelyn Martin)

Prezidan Donald Trump ap Chache Jwen yon Vèsman nan Kòb pou Konstwi Miray la nan Objektif pou Mete yon Pwen Final ak Fèmti Gouvènman an.

Prezidan Trump fè konnen jedi 24 janvye 2019 la li prè pou l aksepte yon pwopozisyon pou li reouvri govènman federal la, e li te mèt tanporèman si pwopozisyon sa ta gen ladan l “yon pati nan vèsman lajan” pou miray sou fontyè ant Lèzetazini ak Meksik ke la p mande depi 2 zan.

Prezidan Trump ki tap pale ak repòtè yo nan Lamezon Blanch fè konnen peyi a pa gen lòt chwa ke bati yon miray pou anpeche sa l rele “pratikman yon anvayisman” yon pakèt kriminèl, moun kap fè trafik moun, ak dwog.

Pandan menm jounen an jedi a, Sena a te echwe nan yon tantativ pou te mete fen nan fèmti gouvènman an – yon fèmti ki dire pi long pase tout fèmti nan istwa peyi Lèzetazini – lè Sena a pat rive vote an favè okenn nan 2 pwopozisyon yo ki te ka mete fen a 34 jou enpas poutèt lajan pou bati miray la.

Repibliken yo te vin ak yon pwopozisyon ki te gen ladan l yon demand pou 5.7 bilyon dola pou Prezidan Trump konstwi miray la, anplis de sa, Repibliken yo te mande pou gen refòm imigrasyon avèk lajan pou gouvènman an jouk rive nan fen ane fiskal la. Pwopozisyon sa pat jwen ase vot pou l pase (50-47).

Bò kote pa Demokrat yo, yon pwopozisyon yo te soumèt pat rive pase aprè yon vòt 52-44, malgre yo te jwenn vot 6 Repibliken. Pwopozisyon Demokrat yo pat gen ladan l anyen sou sekirite fontyè a, ak pwovizyon sou imigrasyon, li te selman fèt pou relouve ajans federal yo ki anba fèmti pasyèl, epi bay yon delè 2 semen a lidè yo nan Kongre a ak Lamezon Blanch pou negosye yon akò sou imigrasyon.

Tou 2 pwopozisyon sa yo te sipoze jwenn 60 vòt pou yo te ka avanse al nan chanm 100 manm nan. Repibliken yo ki gen 53 manm sou 47, gen majorite Sena a. Men, gen yon kantite manm Kongrè a nan tou de pati yo ki fè konnen fòk se konpromi ki pou mete fen ak enpas politik sa epi relouve gouvènman an.

XS
SM
MD
LG