Accessibility links

Breaking News

Etazini-Politik: Fèmti Gouvènman an Antre nan 2èm Mwa li


Pannkat kote anplwaye federal ameriken ap mande pou yo retounen nan travay.
Pannkat kote anplwaye federal ameriken ap mande pou yo retounen nan travay.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, pran yon fèm angajman, madi 22 janvye 2019 la, pou l pa fè bak sou desizyon li pran pou l egzije Kongrè a vote lajan pou konstriksyon yon miray sou fwontyè amerikano-meksiken an nan moman yon mezantant sou kesyon an pwovoke yon fèmti gouvènman an ki antre nan 2èm mwa li. Prezidan an, ki fè komantè sou dosye a sou kont Twitter li, fè konnen:

“Si peyi nou an pa gen miray sa a, li pa p janm genyen yon fwontyè ni sekirite. Avèk yon miray solid e dyanm, oubyen yon baryè ann asye, to kriminalite a ak volim dwòg kap sikile nan peyi a pral bese anpil-anpil tou patou Ozetazini. Lidè Demokrat yo nan Kongrè a byen konnen sa; men yo pito jwe yon jwèt politik ak kesyon an. A la fen dè fen nou dwe fè travay la kòmsadwa. Nou pa p bese ba.” https://twitter.com/realDonaldTrump/status/1087693453394432001

Prezidan Trump (adwat) ak Prezidan Chanm Depite a, Nancy Pelosi (agoch), gen opinyon depaman sou fason pou 2 pouvwa yo (Egzekitif la ak Lejislatif la) pèmèt gouvènman relouvri.
Prezidan Trump (adwat) ak Prezidan Chanm Depite a, Nancy Pelosi (agoch), gen opinyon depaman sou fason pou 2 pouvwa yo (Egzekitif la ak Lejislatif la) pèmèt gouvènman relouvri.

Pamantè repibliken yo, ki gen majorite a nan Sena a, lanse yon efò pou yo eseye mete fen nan fèmti gouvènman an epi apwouve lajan pou mi Prezidan an ap mande a; pou sa yo pwopoze yon plan global ki gen ladan n yon pwopozisyon Misye Trump fè e ki ta pwoteje kont depòtasyon pandan 3 mwa plizyè santèn imigran ki te antre Ozetazini ilegalman ak paran yo pandan yo te piti.

Pandansetan, Kou Siprèm Lèzetazini an bay administrasyon Trump la yon refi lè pi gwo tribinal peyi a deklare li pa p pran pyès desizyon pou le moman sou yon demand La Mezon Blanch te fè pou l mete fen nan yon pwogram ki te kòmanse sou gouvènman Prezidan Barack Obama e ki pwoteje kont depòtasyon preske 700 mil imigran ki te antre Ozetazini pandan yo te tou piti ak paran yo. Pwogram sa a ka pèmèt imigran yo rete nan peyi a pou yon tan san limit.

XS
SM
MD
LG