Accessibility links

Breaking News

Ki Branch nan Pouvwa a Ameriken yo Blame pou Fèmti Pasyèl Gouvènman an?


Manifestasyon an silans anplwaye federal yo devan Kongrè a nan Capitol Hill, Washington, 23 janvye 2019 la.
Manifestasyon an silans anplwaye federal yo devan Kongrè a nan Capitol Hill, Washington, 23 janvye 2019 la.

Konsekans politik yo pa ko fin sèten alòske fèmti gouvenman an ap antre nan dezyèm mwa l.

Alòske fèmti pasyèl gouvènman ameriken an ap antre nan dezyèm mwa l, okenn nan pati konsène yo pa ka fin sèten de ki konsekans politik sa ka genyen pou yo pi devan. Sondaj ki fèt sou opinyon piblik yo montre gen plis ameriken ki panse se fòt Prezidan Donald Trump olye opozisyon Demokrat la pou le moman, e, pou anpil moun kap swiv sèn politik la, gen anpil chans pou mezantant sa sèvi tankou yon plan batay pou eleksyon prezidansyel 2020 yo.

Sepandan, tank fèmti gouvènman an kontinye, se plis lap ensèten pou konnen ki kalte enpak politik lap lakoz.

Dapre Jim Kessler, ki fè pati de Third Way (Twaziem Wout la), yon oganizasyon nan kan goch kap defan dwa moun nan Washington “Trump ap pèdi, Kongrè a ap pedi, epi tou, travayè federal yo ap pèdi tou nan mezantant sa.”

Prezidan Trump rete detèmine pou li jwenn fon nesesè pou li bati miray toutotou zòn sid fwontyè a, youn nan prinsipal pwomès li te fè pandan kanpay prezidansyèl 2016 la. Samdi dènye, pendan Prezidan Trump tap soti nan Lamezon Blanch la, li te deklare bay repòte yo “Mwen espere ke pòt pawòl la Nancy Pelosi ka vin ran li kont de sa tout moun konnen, e kelke swa moun li ye a, yo konnen ke miray itil, e nou bezwen miray yo.”

Bò kote pa yo, Demokrat yo rete fèm sou desizyon pou pa gen fon pou miray la, menm lide Demokrat chanm Sena Chuck Schumer a pa apiye zafè miray la.

Jodi jedi a, chan Sena a gen pou li fe yon vot sou yon seri pwopozisyon pou mete fen a femti gouvenman an. Youn nan pwopozisyon yo soti nan Lamezon Blanch ak kan Repibliken an, e lòt la soti nan kan Demokrat yo. Pou kounye a, pa gen okenn garanti ke youn nan pwopozisyon yo ap jwenn 60 vòt ki nesesè nan Sena a pou pase, malgre ke kèk moun nan tou de pati yo wè vòt sa yo tankou kèk pa an avan pou plis negosyasyon pi serye.

Pandanstan, moun ki pi afekte de fèmti gouvènman an se moun kap travay nan gouvènman an e ke yo voye chita lakay yo, oubyen ap travay san touche. Tom O’Connor ki se prezidan asosyasyon ajans FBI la fè konnen “Ajans FBI yo pat dwe gen pou yo al travay nan magazen kote yo oblige al range etajè paske yo pa ka bay fanmi yo mange pandan yap travay pou gouvenman an.

Plizyè nouvo sondaj jwenn ke se prezidan Trump ke moun plis blame pou femti gouvenman an dapre John Fortier ki fè pati yon oganizasyon nan Washington yo rele Sant Politik Bipatisan (ki nan de kan yo).

An gwo, kantite moun ki apiye prezidan an diminye pandan fèmti gouvenman an, kantite a ki te 43 pou san mwa pase a, desan a 40 pou san ane sa a.

Yon nouvo sondaj ke CBS sot fè, jwenn ke pa yon maj de 71 a 28 pou san, vote yè trouve lajan pou bati miray la pa enpòtan ase pou gouvènman an oblije fèmen.

XS
SM
MD
LG