Accessibility links

Breaking News

Fèmti Gouvènman Ameriken an ap Antre nan 5èm Semèn li: Yon Solisyon Sanble Pa pou Demen


Manm sendika ak lòt anplwaye federal ki t ap pwoteste an fas La Mezon Blanch nan Washington nan yon manifestasyon kote yo t ap mande otorite yo mete fen nan fèmti pasyèl gouvènman an. (Washington, 10 janvye 2019).
Manm sendika ak lòt anplwaye federal ki t ap pwoteste an fas La Mezon Blanch nan Washington nan yon manifestasyon kote yo t ap mande otorite yo mete fen nan fèmti pasyèl gouvènman an. (Washington, 10 janvye 2019).

Ozetazini, pa gen okenn siyn ki ta montre fèmti gouvènman an, ki preske antre nan 5èm semèn li, pral rive nan bout li, nan moman yon mezantant ap kontinye ant La Mezon Blanch ak Kongrè a sou finansman konstriksyon yon miray sou fwontyè Lèzetazini ak Meksik la. Sitiyasyon an prezante konsa aprè Prezidan Donald Trump ak prezidan Chanm Depite a, Nancy Pelosi, te twoke kèk pawòl piman bouk sou fèmti gouvènman an nan jounen jedi 17 janvye 2019 la.

Prezidan Trump, ki t ap fè yon vizit nan Depatman Defans la, deklare:

​“Alòske anpil lidè demokrat nan 2 chanm Kongrè a ta byen renmen apwouve yon akò, Prezidan Pelosi pa vle kite yo negosye akò sa a. M espere depite ak senatè demokrat yo va deside pase alaksyon pou yo fè sa ki kòrèk pou peyi nou an; sa ki kòrèk pou peyi nou an se sekirite sou fwontyè nou yo e nan nivo ki pi dyanm, ki pi solid la.”

Prezidan Trump nan yon konferans pou laprès koe li t ap pale de fèmti gouvènman an. (Washington, mèkredi 16 janvye 2019).
Prezidan Trump nan yon konferans pou laprès koe li t ap pale de fèmti gouvènman an. (Washington, mèkredi 16 janvye 2019).

Lidè demokrat yo ensiste pou di yo dispose fè negosyasyon sou mezi sekirite sou fwontyè yo ki pi dyanm, ki pi efikas, yon fwa gouvènman an va rekouvri; men depans pou yon miray sou fwontyè sid la se yon gaspiyaj d ajan, yon aksyon ki pa efikas e sa t ap kite yon move mak sou imaj Lèzetazini.

Madam Pelosi --pi gwo manm Pati Demokrat la nan Kongrè a-- di “ensistans Prezidan Trump pou nou konstrwi miray la se yon fantezi ki depase posiblite nou." Li lanse apèl bay Misye Trump pou mande l ranvwaye Diskou sou Eta Inyon an ki fikse pou le 29 janvye… pou jous aprè gouvènman an va rejwenn finansman pou l fonksyone e fèmti administrasyon piblik la va leve. Nan sans sa a, Prezidan Lachanm nan deklare:

Prezidan Chanm Depite Lèzetazini an, Nancy Pelosi, ki t ap pale de fèmti gouvènman an jedi 17 janvye 2019 la.
Prezidan Chanm Depite Lèzetazini an, Nancy Pelosi, ki t ap pale de fèmti gouvènman an jedi 17 janvye 2019 la.

​“Ann fikse yon jou pou nou relouvri gouvènman an.”

Bò kote pa l, Prezidan Trump anonse, akoz fèmti gouvènman an, li bay Madanm Pelosi yon refi k ap anpeche li itilize avyon militè Lèzetazini pou l fè yon vwayaj ki te planife davans e ki ta dwe mennen li nan vil Briksèl, nan peyi Lejip ak Afganistan.

Prezidan Trump mande Kongrè a apwouve yon sòm 5 milya dola nan lajan kontribyab yo pou konstriksyon miray la, tandiske lidè demokrat yo nan Kongrè a ofri sèlman yon milya 300 milyon dola pou ranfòse sekirite sou fwontyè a, men pa presizeman pou bati yon miray.

Plizyè santèn anplwaye federal pa t resevwa chèk yo semèn pase a akoz fèmti gouvènman an; e li byen posib pou yo pa resevwa li ankò semèn pwochèn nan.

Etazini: Bras De Fer ant Prezidan Trump ak Lidè Demokrat yo nan Palman a
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:34 0:00

XS
SM
MD
LG