Accessibility links

Breaking News

Etazini : Sena a ap Pare pou Vote Jedi 24 Janvye a Nan yon Tantativ Pou Relouvri Gouvènman Federal la


Senatè Repibliken Eta Kentucky Mitch McConnell. AP/ Scott Applewhite
Senatè Repibliken Eta Kentucky Mitch McConnell. AP/ Scott Applewhite

Isit Ozetazini, palmantè repibliken nan sena a ap pare pou vote Jedi 24 janvye sou yon pwojè lwa epi sou kèk pwopozisyon kan demokrat la fè pou mete fen nan kriz fèmti pasyèl gouvènman federal pwovoke nan peyi-a.

Yon pwopozisyon ki deja pase nan chanm depite demokrat yo kontwole -a kapab pwodui fon lajan ki nesesè pou fonksyonnman ajans federal yo jis nan dat 8 fevriye. Konsa , sa tap pèmèt enstitisyon ki fèmen yo reouvè nan moman 2 kan yo ap fè deba sou meyè fason pou mete sekirite sou fasad sid fwontyè Etazini pataje ak Meksik la.

XS
SM
MD
LG