Accessibility links

Breaking News

Plizyè Oganizasyon Politik e Relije Mande Lajistis Pran Responsabilite l nan Dosye Petro Caribe a


Yon ansèy Petro Caribe ki koke nan yon poto elektrik.
Yon ansèy Petro Caribe ki koke nan yon poto elektrik.

Om politik e sosyete sivil ak senp sitwaye reyaji apre Kou Siperyè dè Kont fin pibliye rapò final sou sesyon fon Petro Caribe a. Om dafè e politisyen Reginald Boulos pibliye yon lèt pou l bay prezidan Moise jiska 90 jou pou l demisyone poutèt rapò Petro Caribe a idantifye l kòm moun ki ta mele nan koripsyon.

Gen lòt sektè ak senp sitwayen ki ajoute vwa yo pou mande demisyon imedya prezidan an ou byen 30 jou pou l renmèt pouvwa a--yon demand sipòtè pouvwa a rejte.

Plizyè òganizasyon relijyez --pami yo genyen Relijyon pou lapè -- mande sosyete sivil la pran responsabilite l apre Kou Siperye dè Kont fin pibliye rapò sou jesyon Fon Petro Caribe a.

Rapò sa a idantifye plizyè manm ansyen gouvennman yo, plizyè antrepriz ---pami yo genyen youn ki se pwopriyetè Prezidan Jovenel Moise-- pami antite ki mele nan move jesyon lajan Venezyela a.

Dapre sipòtè prezidan an, rapò a gen yon objektif politik, malgre yon deklarasyon Prezidan Moise te fè nan le pase pou l te anonse tout moun ki ta gaspiye fon Petro Caribe a dwe rann kont devan lajistis.

XS
SM
MD
LG