Accessibility links

Breaking News

"Eleksyon, Dyalòg ak Amandman Konstitisyon an," 3 Pwen nan Plan 2019 Prezidan Jovenel Moïse


Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise, nan mitan, kap mache ak premyè dam Martine Moise ansanm ak minis defans li a, Herve Denis, pandan yon seremoni pou reenstore lame Dayiti, Pòtoprens, Ayiti. (Foto: AP/Dieu Nalio Chery) 27 mas 2017.
Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise, nan mitan, kap mache ak premyè dam Martine Moise ansanm ak minis defans li a, Herve Denis, pandan yon seremoni pou reenstore lame Dayiti, Pòtoprens, Ayiti. (Foto: AP/Dieu Nalio Chery) 27 mas 2017.

Prezidan Jovenel Moise fè konnen pral gen eleksyon pou ane 2019 la, dyalòg nasyonal ak re-amande konstitisyon 1987 la. Sepandan, plizyè obsèvatè ak politisyen jete dout sou posibilite pou lidè ayisyen an reyalize tout pwojè sa yo pandan nouvèl ane a.

Prezidan ayisyen an Jovenel Moise mete yon mesaj devan popilasyon an kote li mande moun k ap travay nan leta yo pa gaspiye byen leta. Chèf leta a ki t ap pale nan okazyon 215èm anivèsè endepandans peyi a fikse 3 objektif pou ane 2019 la ki se: eleksyon, dyalòg nasyonal ak re-amandman konstitisyon 1987 la.

Yon lòt kote, lidè ayisyen an sanble pèdi sipò yon ansyen alye PHTK a ki se senatè Latibonit la, Youri Latortue. Senatè Latortue pat prezan nan festivite yo nan Gonayiv men deklare nan yon konferans deprès li pran distans li ak pouvwa a pou evite, yon kote, konfli enterè, epi montre mekontantman poutèt chèf leta a pa kenbe pwomès li te fè popilasyon Depatman Latibonit la.

Senatè Patrice Dumond pase an revi yon pati nan deklarasyon chèf leta a fè kote li denonse koripsyon. Senatè Dumond di li poko wè anyen gouvènman fè pou frennen fenomèn koripsyon an nan leta a.

Rejim Prezidan Jovenel Moise la siviv manifestasyon opozisyon an ki pase tout ane 2018 la ap mande demisyone l. Nan fen ane 2018 la tou, popilasyon an pat vrèman patisipe nan demache opozisyon an. Pou enjenyè-Jewològ Jocelyn David, ane 2018 la te difisil pou tout aktè yo. Jounalis Robinson Geffrard bò kote pal di gen anpil ensètitid pou nouvèl ane 2019 la sou plan politik.

Kou siperyè dè Kont te pran angajman pou l pibliye rapò Petro Caribe a nan kòmansman ane a. Gen dout sou dyalòg nasyonal la tou. Opozisyon an, ke yo rele opozisyon radikal, fè konnen sèl fason pou l patisipe nan dyalòg nasyonal Premye minis Jean Henry Ceant ap pwone a, se pou Prezidan Jovenel Moise demisyone—yon demand sipòtè Prezidan an ak Pati PHTK a pa vle tande.

Klike sou lyen anba tèks la pou w tande vèsyon odyo atik la ak Jean Robert Philippe.

Yon Repòtaj Jean Robert Philippe sou Sitiyasyon Politik la ann Ayiti
please wait

No media source currently available

0:00 0:06:48 0:00

XS
SM
MD
LG