Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Dout ak Ankourajman Apre Gouvènman Moïse/Céant Lanse yon Apèl pou yon Dyalòg ant Tout Sektè


Manifestan ak drapo nwa-e-wouj nan men yon nan Pòtoprens jou ki te 18 novanm 2018. Foto: Matiado Vilme.
Manifestan ak drapo nwa-e-wouj nan men yon nan Pòtoprens jou ki te 18 novanm 2018. Foto: Matiado Vilme.

Aktè yo nan sosyete sivil la di yo pare pou patisipe nan dyalòg pouvwa egzekitif la anonse a yon fason pou eseye jwenn yon solisyon pou retire peyi a nan kriz politik lap travèse a.

Sepandan, Edouard Paultre nan CONANE, di li pa kwè Premye Minis Jean Henry Céant gen kapasite pou l kondui pwosesis dyalòg sa a pou kont li.

Lidè UNIR la Clarens Renois bò kote pal reyafime volonte l pou l patisipe nan dyalòg Egzekitif la pwopoze a. Clarens Renois di li poko resevwa okenn envitasyon nan men Premye Minis Céant sou sa. Mesye Renois plede anfavè yon dyalòg frank e sensè. Vis Prezidan Sena Repiblik la Joseph Lambert mande tout moun respekte manda ofisyèl eli yo. Senatè Pierre François Sildor ensiste sou nesesite pou yon dyalòg franch ak enklizif pou retire peyi a nan kriz la.

CCIHC, ki se Chanm Komès Ayisyano-Kanadyen an, La Chambre de Commerce et d’Industrie Haitiano-Canadienne di li denonse vyolans ki afekte peyi a epi li ankouraje otorite yo rezoud sitiyasyon sa a.

CCIHC a ankouraje dyalòg ant tout aktè yo e mande respè manda eli yo.

XS
SM
MD
LG