Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Boulvèsman Politik Makonnen ak Lòt Ensidan Lakoz 17 Moun pou Pipiti Pèdi Lavi yo nan Mwens yon Semèn


Manifestan kap boule kawotchou nan Pòtoprens vandredi 23 novanm 2018 la.
Manifestan kap boule kawotchou nan Pòtoprens vandredi 23 novanm 2018 la.

6 moun mouri samdi sou fwontyè ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn apre yon diskisyon, dapre otorite yo. Enspektè polis, Harry Deny, di Associated Press gen 4 ajan dwanye ak 2 sivil ki mouri nan vil Malpas.

Li di, ensidan an rive lè yon ofisye dwanye te tire yon nonm ki tap eseye travèse fwontyè a avèk machandiz san tcheke. Yon gwoup moun ki estomake apre aksyon an te deside pran vanjans kont ofisye yo kote yo atake yo, touye yo, epi boule yo malgre ajandwanye sa yo te kouri al pran refij yo nan yon estasyon polis tou pre dwann nan.

Jan de ensidan sa yo rive yon lòt fwa ankò nan moman peyi D'Ayiti ap fè fas a yon 7èm jou manifestasyon kote etablisman eskolè biznis ak biwo leta oblije kenbe pòt yo fèmen.

Manifestan nan lari ap mande pou Prezidan Jovenel Moise bay demisyon l akoz li derefize mennen ankèt sou moun yo akize pou koripsyon nan gouvènman anvan yo, moun sa yo ki te mal itilize lajan fon Petrocaribe a, yon pwogram enèji peyi Venezyelyen sibvansyone.

Prezidan Moïse nan yo mesaj televize, nan kòmansman semèn pase a, kondane zak vyolans nan manifestasyon yo epi tou fè konnen se nan eleksyon moun dwe pran pouvwa. Prezidan Moïse di:

" Pèp la te eli m kòm prezidan nan yon eleksyon lib e demokratik."

Prezidan an pat abòde dosye koripsyon an nan diskou sila a. Sepandan, li voye senpati l bay viktim ak fanmi viktim yo. E li lanse tou yon apèl o dyalòg ant tout pitip peyi a.

Omwen 11 moun mouri pandan dènye manifestasyon yo nan Pòtoprens. Moun te obsève tou lese frape ant manifestan ak lapolis nan Petyon-Vil vandredi 23 novanm 2018 kote fòs mentyen dòd yo te bloke manifestan yo pou yo pat kraze kòdwon sekirite a.

Jounen lendi 26 novanm 2018, opozisyon an lanse yon grèv jeneral pou mande moun pa al travay epi pou machin pa sikile. Sepandan, Dapre enfòmasyon korespondan Lavwadlameri nan Pòtoprens, Matiado Vilmé, grèv opozisyon an pa pran. Tout aktivite sanse reprann nan kapital la prèske apre yon semèn boulvèsman politik yo.

Ministè Entèryè nan yon nòt pou laprès ankouraje tout moun pou repran aktivite yo e li fè konnen tou otorite yo pran tout disozyon pou granti sekirite a popilasyon an. An mèm tantout, nòt la di se dwa tout sitwayen pou yo manifeste men sa vyolans.

XS
SM
MD
LG