Accessibility links

Breaking News

Entèvyou Lavwadlamerik avèk Sou Sekretè Deta Kenneth Merten Konsènan Sitiyasyon an Ann Ayiti


Entèvyou ak Sou-Sekretè Deta nan Depatman Deta Ameriken, Kenneth Merten
please wait

No media source currently available

0:00 0:20:58 0:00

Nan fen apre-midi jounen mèkredi 21 novanm 2018 la, Anbasadè Kenneth Merten, Asistan Sekretè Deta ameriken pou Kanada, Amerik Latin nan ak Karayib la, te reponn kesyon Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la sou sitiyasyon an nan Peyi d Ayiti, avèk yon atansyon espesyal sou manifestasyon anti-gouvènmantal ki antoure mouvman PetroChallenge la kote manifestasyon vyolan te monte nan pi wo nivo yo nan jounen 18 novanm 2018 la. N ap rezime opinyon Anbasadè Merten sou kèk tèm Jacquelin Bélizaire te abòde avèk li nan entèvyou sa a.

--------------------------------------------------------------------

VYOLANS KI DEWOULE RESAMAN ANN AYITI

Jan tout moun konnen, Lèzetazini pa renmen sitiyasyon ki gen vyolans, nou pa renmen derapaj. Si moun yo gen yon pwoblèm avèk gouvènman an, se nòmal pou yo pwoteste, pou yo manifeste. Men li pa bon pou moun atake lòt sitwayen pezib. Ayiti bezwen envestisman, Ayiti bezwen moun k ap envesi kòb. Nou bezwen lapè pou nou kapab kotinye fè biznis avèk gouvènman ayisyen an, avèk pèp ayisyen an. Gen fason pou ou fè tande vwa ou. Moun yo vle chanjman; men nou tout konnen chanjman se bagay ki fèt lantman.

VYOLANS DEKOURAJE BIZNIS

Lezetazini enterese fè bisniz avèk Ayiti, avèk gouvènman ayisyen an, avèk pèp ayisyen an. Gen anpil ONG, anpil envestisè ki vle travay nan peyi a. Men, si se dezòd ki domine klima a, ebyen travay sa a pa p posib.

TRAVAY LAPOLIS PANDAN JOUNEN PWOTESTASYON YO

Polis ayisyèn nan fè yon bon travay, daprè mwen menm. Se yon travay vrèman difisil. Men, nou menm, nou vrèman satisfè avèk travay lapolis ayisyen ap fè pou asire yon minimòm de pè nan peyi a... Ou konnen, depi ane pase twoup Nasyon Zini yo te kite Ayiti; e travay sekirite a se responsablite Polis Nasyonal la… Menm lè te gen grèv, te gen dezòd, polisye yo reponn.

OPINYON SOU ZAM K AP ANTRE ANBA CHAL NAN PEYI A

Nou pa dakò ak moun k ap fè zam antre nan peyi a nenpòt kijan. Si sa fèt ann Ayiti, se yon rezon enkyetid pou Lèzetazini. Men Ayiti se pa sèl peyi ki nan ka sa a. Gen sa tou nan La Jamayik, pa egzanp. Mwen pale ak anpil òmdeta ki di nou yon bagay konsa bay yo kè-sote. Alòs, Ayiti se youn nan peyi ki nan ka sa a.

OPINYON SOU KÒB PETRO/CARIBE:

Se kòb ki te antre nan peyi a lontan de sa. Se pa sou gouvènman Martelly a ni sou Gouvènman Preval la. Nou ta renmen wè kesyon an regle yon fason transparan e pezib. Se bon, se lejitim pou moun poze kesyon sou sa. Men m gen enpresyon gen moun diferan ki ta vle manipile sitiyasyon an pou rezon politik.

OPINYON SOU APÈL POU PREZIDAN JOVNÈL MOYIZ BAY DEMISYON LI

... Nou menm Ozetazini, nou ale nan eleksyon pou nou chwazi lidè nou. Ann Ayiti mwen gen enpresyon majorite moun yo ta renmen ale nan eleksyon pou yo chwazi/chanje lidè yo. Sa bay mwens travay… Vyolans ap anpeche anpil bon bagay fèt; bon bagay tankou envestisman.

OPINYON SOU PAWÒL KI DI KÒMKWA SITIYASYON AN DEZESPERE, TA GENYEN LAGÈ SIVIL NAN LÈ A

... Nou pa wè sitiyasyon an konsa... Nou toutafè dakò: Si moun yo pa kontan ak jan Leta ap fonksyone, si yo gen pwoblèm ak jan gouvènman an ap mache, se nòmal pou yo pran lari e montre fristrasyon yo. Men sa ta dwe fèt san vyolans, san derapaj. Paske finalman se pa bon pou Ayiti... Fok lajan ka sikile, pou evestisman fet, pou ekonomi an ka fleri, pou moun ka gen opòtinite pou yo fè lavi yo ("gagner leur vie").

============================================

NB.- Anvan lontan nou va pibliye video entèvyou Sou Sekretè Deta Kenneth Merten bay kolaboratè nou Jacquelin Bélizaire. Rete branche sou VOAKREYOL.COM

XS
SM
MD
LG