Accessibility links

Breaking News

Ayiti Viv yon Jounen Tansyon ak Manifestasyon Tribò-Babò


Manifestasyon Kont Koripsyon nan Pòtoprens, 9 jen 2019. (Foto: Matiado Vilmé, VOA Kreyòl)
Manifestasyon Kont Koripsyon nan Pòtoprens, 9 jen 2019. (Foto: Matiado Vilmé, VOA Kreyòl)

Plizyè milye moun pran lari espesyalman nan kapital ayisyèn nan, Pòtoprens, dimanch 9 jen 2019 la pou manifeste kont koripsyon e reklame demisyon Prezidan repiblik la, Jovenel Moïse, sou pouvwa a.

Temwayaj kèk manifestan ki te pale nan mikwo korespondan Lavwadlamerik, Matiado Vilmé nan Pòtoprens:

Ayiti: Kèk Petro Challengers Fè Konnen Se Koripsyon Ki Kreye Mizè nan Peyi a
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:57 0:00

Manifestan yo di yap rete nan lari jiskaske pwosè Petro Caribe a fèt e Prezidan Jovenel Moïse kite pouvwa a.

Ayiti: Petro Challegers yo Di Yap Manifeste Jiskaske Koripsyon Kaba
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:26 0:00

Enkoni moun pa rive idantifye te tire kèk kout zam sou manifestasyon an nan zòn Bair Air,yon sitiyasyon ki fòse manifestan yo kouri chache abri pou yo pat viktim. Nan yon video Matiado Vilmé pataje, nou kapab wè anbilans ki te sou sèn kote yon nonm ta pran yon bal nan lonbrik li.

Poko gen lòt detay sou kantite moun ki ta blese nan seri manifestasyon sa yo opozisyon politik la te lanse pou dimanch 9 jen 2019 la atravè peyi a kote kawotchou tap boule nan plizyè ri nan kapital la tankou nan vil pwovens yo tankou korespondan VOA Kreyòl, Hernt Eliscar nan Okay ak Christopher Collegue nan Mibalè rapòte li a.

Korespondan VOA Kreyòl nan Pòtoprens Yves Manuel, fè konnen yon gwoup manifestan te rive nan paraj katye kote prezidan repiblik la Jovenel Moïse abite ak fanmi li nan Petyon Vil. Yo tap lanse pawòl piman bouk kont chèf leta a. Sepandan, prezans lapolis te anpeche yo rive pi pre kay prezidan an.

Ayiti: Lapolis Anpeche yon Gwoup Manifestan Rive Devan Kay Prezidan Jovenel Moïse
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:56 0:00

Prezidan Jovenel Moïse gen non li site kòm moun ki patisipe nan magouy pou te jwenn kontra bidon nan men leta nan lajan Petro Caribe a dapre dènye rapò sou jesyon fon sila a Koudèkont remèt Sena a 31 me 2019 pase a pou suit nesesè.

Prezidan ayisyen an, Jovenel Moïse
Prezidan ayisyen an, Jovenel Moïse

Prezidan Jovenel Moïse atravè youn nan pòtpawòl li yo, Mèt Ricahrd Dore, voye jete rapò Kousiperyè Dèkont lan li di ki gen fòs kote. Dapre egzekitif la, rapò sila la a se yon zouti opozisyon an ap eseye itilize pou kreye nuizans politik kont li.

Ayiti: Yon Konseye Pouvwa Ekzektif la Di Rapò Kou Dèkont sou Dosye Petro Caribe a "Politik"
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:20 0:00

XS
SM
MD
LG