Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Nome a Jean Michel Lapin Pa Ekate Posibilite pou l Toujou Dirije Pwochen Govènman an


Prezidan Jovenel Moïse pandan li tap pale ak Jean-Michel Lapin, premye minis nome li a nan palè nasyonal. 21 mas 2019. Foto: REUTERS/Andres Martinez Casares
Prezidan Jovenel Moïse pandan li tap pale ak Jean-Michel Lapin, premye minis nome li a nan palè nasyonal. 21 mas 2019. Foto: REUTERS/Andres Martinez Casares

Premye Minis nonmen an Jean Michel Lapin ekate posibilite pou l ta abandone nominasyon pou l dirije pwochen gouvènman an malgre pwosesis la bloke nan sena a. Premye Minis nonmen an, ki t ap reponn kesyon yon medya, mande pou sena a pèmèt li prezante politik jeneral li epi pran yon desizyon si wi ou non l ap dirije pwochen gouvènman an.


Sa pa gen lontan Sekretè Jeneral Konsèy dè minis la Renald Liberis te deklare sou plizyè medya nan kapital la, msye Lapin dwe rale kò l pou pèmèt prezidan Jovenel Moise nonmen yon nouvo kandida pou pòs Premye Minis la epi fòme yon lòt gouvènman konsansus nasyonal. An repons Premye Minis nonmen an, Jean Michel Lapin, deklare desizyon final la nan men popilasyon an e non pa nan men mesye Liberis Msye Liberis di deklarasyon li fè a pa vle di palè nasyonal abandone msye Lapin.

4 senatè opozisyon an lanse avètisman pou di eta done yo pa rekonèt Jovenel Moise kòm prezidan, li pa kalifye pou l nonmen yon nouvo premye minis ak yon gouvènman. Se lendi 10 jen an sena a ap reyini a midi pou demare 2èm sesyon òdinè ane palmantè a. 4 senatè nan opozisyon an di y ap boykote seyans la.

XS
SM
MD
LG