Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Kò Gwoup la Kondane Zak Degradasyon Kont Sena a e Lanse yon Apèl O Dyalòg ant Tout Sektè


Lokal Sena ayisyen an 4 senatè opozisyon yo sakaje jedi 30 me 2019 la.
Lokal Sena ayisyen an 4 senatè opozisyon yo sakaje jedi 30 me 2019 la.

Nan yon nòt pou laprès Kò Gwoup la ki gen ladan reprezantan espesyal Sekretè Jeneral Nasyon Zini an, ak anbasadè plizyè lòt peyi zanmi Ayiti tankou Almay, Brezil, Kanada, Espay, ak Etazini, di li enkyè devan kriz grav politik, ekonomik, sosyal e sekiritè kap sekwe peyi Dayiti dènye jou sa yo.

Kò Gwoup la di li kondane zak degradasyon ki fèt kont syèj Sena ayisyen an.

Nòt la kontinye pou l di,

"Pou debloke kriz la, manm Kò Gwoup la fè apèl pou gen yon gwo deba nasyonal, san kondisyon, e ki gen ladan sektè politik, prive e sosyal.

Deba sa a, dwe debouche sou yon plan refòm, kap bay asirans pou dewoulman eleksyon lejislatif yo ak bon jan fonksyonman enstitisyon etatik yo. Avansman sa yo nesesè pou gen yon repons janm e efikas ki bay pou kontrekare sitiyasyon popilasyon ayisyèn nan ap travèse chak jou."

XS
SM
MD
LG