Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Sekirite: Lapolis Louvri yon Ankèt sou Asasinay Jounalis Rospide Petion


Yon mikwo estidyon.
Yon mikwo estidyon.

Medya ayisyen yo an dèy apre nèg ame moun pa idantifye asasinen jounalis Rospide Petion ki t ap travay nan Radyo San Fin (RSF) nan sware yè lendi 10 jen 2019 la apre li te soti nan travay. Lapolis louvri yon ankèt pou konnen koz asasina jounalis la ki te konn travay nan Television nationale avan li t al travay nan RSF.

Lapolis fè konnen tou, li louvri yon ankèt pou l konnen rezon ki fè yon polisye te maspinen ak kout baton yon sitwayen nan peleren 5 tou pre rezidans prive prezidan Jovenel Moise dimanch pase a.

Enspeksyon jeneral la deja tande viktim nan lendi 10 jen 2019 la. Ensidan sa a rive menm jou pèp souvren te pran lari pou egzije demisyon prezidan Jovenel Moise sou pouvwa a.

XS
SM
MD
LG