Accessibility links

Breaking News

Etazini Mande Sitwayen l pou Pa Vwayaje ann Ayiti e Zak Kidnapin Se Youn nan Rezon yo

Moun kap tann vòl yo nan sal depa a nan ayewopò Toussaint Louverture nan Pòtoprens.
(S. Lemaire/VOA)
Moun kap tann vòl yo nan sal depa a nan ayewopò Toussaint Louverture nan Pòtoprens. (S. Lemaire/VOA)

Depatman deta ameriken ajoute kidnapin pami lòt rezon ki fè li mande sitwayen ameriken pou yo pa vwayaje ann Ayiti. Nivo 4 sa a se nivo ki pi elve ak koulè wouj nan avi vwayaj Depatman Deta ameriken an mete sou Ayiti ak 3 lèt C pou krim, U pou vyolans, enstabilite ak manifestasyon epi K pou kidnapin.

Nan mwa novanm 2018 pase a Depatman Deta Ameriken te fè konnen, "Moun ki vle ale nan peyi Dayiti ta dwe reflechi byen reflechi anvan yo fè vwayaj sa a akoz manisfestasyon enprevizib kap dewoule tanzantan nan kapital la, Pòtoprens ansanm ak kèk lòt vil nan peyi a.

Krim vyolan tankou vòl ak zam, se zak bandi ap komèt pasi-pala. Anplis desa, polis nasyonal peyi Dayiti a pa genyen resous sifizan pou fè fas ak divès gwo ensidan kriminèl. Sèvis dijans tankou sèvis anbilans limite anpil e, nan kèk ka, yo pa menm egziste."

This item is part of
XS
SM
MD
LG